COE Newcomer Education for Wellness (NEW)

Apèsi sou pwojè a

Minnesota Center of Excellence in Newcomer Health gen pou objektif pou bay moun ki fèk vini videyo ki itil, videyo tradwi edikasyon sante ki aksesib. Gen dis lang nan pwojè a: arab, birman, dari, fransè, kreyòl ayisyen, karen, pachto, somalyen, panyòl, ak swahili. Abòne yo pral resevwa videyo edikasyon sante peryodik 2 minit  omwen yon fwa pa mwa. Yo ka mande abòne yo bay kòmantè yo nan yon sondaj. Si w enterese resevwa videyo edikasyon sante sa yo, tanpri ranpli fòm ki anba a.

Mesaj Konsantman ak Preferans

Konpayi telefòn ou a ka fè w peye tarif estanda pou voye oswa resevwa mesaj tèks oswa lè w sèvi ak done ak sèvis entènèt. Ou ka dezabòne nenpòt ki lè.

Limit Responsabilite

Videyo edikatif sa yo se pou konesans jeneral ak rezon enfòmasyon sèlman. Yo pa bay konsèy medikal. Toujou pale ak doktè ou oswa lòt pwofesyonèl swen sante pou konsèy oswa kesyon ou genyen sou sante ou. Si’w pa enterese resevwa mesaj edikasyon sante ankò, ou ka dezabòne nenpòt ki lè lè’w reponn mesaj tèks la ak "STOP".

Avi sou enfòmasyon prive

Minnesota Center of Excellence in Newcomer Health nan Depateman Lasante Minnesota (MDH) mande lang ou pi pito ak nimewo telefòn ou pou voye videyo edikasyon sante ba ou detanzantan. Nimewo telefòn ou klase kòm done prive anba Minnesota Statues, seksyon 13.356. Done prive w yo pral aksesib sèlman pa anplwaye MDH, manm pèsonèl sipò teknoloji, oswa antite ki otorize pa lwa leta oswa federal pou jwenn aksè avèk done yo. Yo ka pataje enfòmasyon yo tou sou lòd tribinal oswa bay oditè leta oswa lejislatif la si yo mande. Bay enfòmasyon sa yo volontè. Si ou pa swete antre nimewo telefòn ou oswa enfòmasyon sou lang ou prefere, ou pa kapab resevwa videyo edikasyon sante yo. Rekonesans. Lè w kontinye ak pwosesis enskripsyon an, ou rekonèt ke ou te li ak konprann Avi Konfidansyalite sa a epi ou dakò pou MDH kolekte, kenbe, ak itilize done enskripsyon ou jan sa dekri pi wo a.